Voices from the rubble. Voices beneath the rubble! by Joel Theodat 1/23/2010
Courtesy twitpic http://twitpic.com/photos/LisandroSuero?page=11 Vwa anba debris - (Voices beneath the rubble!) by Joel Theodat! Anmwey! Nou tande m? Eske n tande rèl mwen? M pa konnen si nou ka tande n men mwen anba debris yo Eske tande m anba debri yo? Mwen la, mwen pa mouri M gen blok sou tout kò m epi yo lou M pa ka vire Gen sant kò pouri anba kote m ye a Gen yon moun ki akote m ki pa vire Li pa pale Li kouche la rèd Eske n ap vin chèche m? N ap vini? M pè Poukisa pa gen okenn moun ki vin pou mwen? M tande vwa deyo a. O! O! M tande vwa manman m. "Manman! Manman! Mwen la Manman, wi?" Mwen swaf anpil. Gòj mwen sèch Mo paka soti nan bouch mwen ankò M pa ka respire Manmi, ou kwè m ap janm we figi w ankò? Ou kwè? M santi m anci dòmi, manmi. Toutbagay nwq. Tanpri manmi, tanpri, pa kite m mouri Lè,lè, lè...pa gen ankò.................................. Translation ANMWEYY!!!!!!!!!!!!!! Can you hear me? Can you hear my cry? I don't know if anyone can hear me but I am beneath ...